itilize

  • 71 — Yon moso nan nenpòt bagay. Yon fas nan nenpòt bagay. Yon ekspresyon moun itilize pou montre, de bagay, yonn pi pre lòt la …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 72Bonm — Yon veso won, fon moun itilize sou dife pou fè manje pou plizyè moun manje. Manje ki fini fèt nan bonm ale nan asyèt, bòl pou moun manje. Yon kannistè eksplozif ki kapab fè anpil dega tankou touye moun, kraze kay …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 73Bonjou — Yon mo moun nan ti kiminote yo itilize pou salye lòt moun yo rankontre nan maten. Swè yon moun fè yon lòt pou jounen moun sa pase byen …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 74Bonswa — Yon mo moun nan ti kominote yo itilize pou salye yon lòt moun lè yo rankontre li aswè, apre mitan jounen an. Swè yon moun fè yon lòt avèk espwa sware moun nan ap ale pase byen …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 75Bouboun — Pati nan kò yon fi ki pi entim pou li plis pase tout rès kò li. Kote yon fi itilize pou pipi, koupe, pouse pitit soti nan vant li, pran plezi …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 76Bouda — Pati nan yon pye bwa ki toushe tè a. Pati dèyè kò moun ant do li e janm li. Moun itilize tou ki nan mitan bouda li pou pouse poupou deyò. Se pati sa a nan kò fi anpil gason toujou enterese gade plis …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 77Boul — Nenpòt bagay ki won. Yon bagay won moun itilize pou jwe volebòl, foutbòl, e latriye. Pati nan yon bagay ki pouse sou deyò …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 78Boulanje — Yon kay ki gen yon fou andedan li e moun itilize pou kwit pen, gato, bonbon, e latriye. Nan gwo vil Ayiti yo, anpil boulanje gen yon fou an metal ki brile gaz ou byen elektrisite. Nan vil pwovens yo, moun yo fè fou yo avèk labou e wòsh ou byen… …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 79Boush — Yon tou kote yon bagay kapab antre andedan yon lòt. Yon tou nan figi moun e anba nen moun. Moun itilize li pou manje bwè, pale, shante e latriye …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl

  • 80Bouton — Yon ti moso zo, metal avèk de ou byen kat ti tou nan li ki pèmèt moun fèmen rad sou yo. Yon ti boul maladi ki grandi soti nan kò yon èt vivan. Yon ti moso plastik, metal teknisyen mete sou deyò yon aparèy pou pèmèt moun ki ap itilize aparèy la… …

    Definisyon 2500 mo Kreyòl